Chak semèn, gen yon jou ki fèt espesyalman pou ou lage tèt ou, epi Mardi se jou sa a! Nan Chillax Rooftop Lounge, CHAK MADI soti 6:00 PM, nou envite ou vin viv yon eksperyans total: yon anbyans rooftop, limyè ki dous, bon mizik ki mete moun alèz, ak yon seri jwèt tradisyonèl ki toujou fè moun pase bon tan ansanm, domino, kat, ak lòt jwèt sosyete.
Se yon jou ki fèt pou ekip travay, gwoup zanmi, oswa fanmi ki vle pran yon poz nan yon semèn okipe pou rasanble, ri, jwe, epi konekte san presyon. Chak tab gen posiblite pou fè yon ti konpetisyon domino oswa kat, pandan lòt moun ap chita ap gade lavil la anba limyè swa a.
Manje se gratis pou moun ki gen rezèvasyon, ak yon bar ki ofri bon bwason lokal, Barbancourt, Prestige, nan yon bucket glase, pou konplete anbyans lan.
Sepandan, se yon evènman sur invitation sèlman, sa vle di ou dwe fè rezèvasyon anvan pou ka jwenn plas ou, ak yon minimòm bwason 1,000 Gdes pa pèsòn.