Chak dènye jedi nan mwa a, Chillax vin tounen yon sèn kote atis, chantè, powèt, ak nenpòt moun ki gen yon talan pou pataje ka monte pran mikwo a epi eksprime tèt yo devan yon piblik ki la pou soutni yo. Jeudi Open Mic se yon espas kote kreyativite ak spontanéité rankontre. Kit ou se yon atis ki deja gen eksperyans sou sèn, kit se premye fwa ou ap eseye, tout moun akeyi.
Se plis pase yon senp soirée mizik; se yon okazyon pou dekouvri nouvo vwa nan kominote a, pataje emosyon, epi kreye moman otantik ansanm ak lòt moun ki gen menm pasyon pou atizay ak ekspresyon. Pandan pèfòmans yo ap dewoule, piblik la ka detann tèt li ak yon bon cocktail, nan yon anbyans cho ak entim.